kritik pa bon tet kole nap avanse.

Godnel Latus Aka Baby Love - July 25 2007, 4:49 PM

mwen pran tan-m pou-m voye yon gro kout chapo bay viktim realizate-a mesye jean gardy bien aime.pou kouraj li pandan tout tan li pran lap travay yo.ki fe jodi-a ka gen nou tout lot realizate yo.e ka gen tout konsomate sa yo, pou nou men-m kap kritike, pouki sa nou pa mete tet nou ansanm ak tout realizate yo pou ka avanse.

wi kritik bon, ak kritik nou ka leve pie-n pi ro.si-w ta vle nou avanse pou sinema -a touche yon lot echel pou timoun kap vi-n deye yo ka vi-n yon eritye.

se pa chita voye toya sou pwop fre-wpaske lap fe bagay pozitif.

si se pa jean gardy bien aime ak renald delerme aka (baba)jodi-a andan kapitol ak emperyal ak tout lot sal sinema yo tap toujou pase fim etranje 24/24 gras ak kouraj gason vanyan sa yo ki fe jodi-a nou gen yon distraksyon non li se sinema ayisyen-an .mwen men-m kap pale la mwen se yon teknisyen nan zafe sinema .map fe nou konnen realizate jean gardy bien aime pa reskonab nan zafe teknik denye fim li -an (green card)paske se telio ki tap kontrole teknik la.pa pwofite moman sa pou-n fe biznis pa nou mache nan kritike moun ki vle peyi -a avanse.

jean gardy bien aime nan non hstvp map di-w kouraj nou deja konnen rout la pa fasil avek tout lanmou, respe pou youn ak lot mwen baby love realizate -a pep la map di-w anko pou kont ou ou feb ak tout kap mache ansanm ave-w yo, pou bon travay ou fe deja ou fo.e nou realizate ayisyen se pa piblik la kap kritike sou sit la la se nou men-m realizate ayisyen .pa mete baby love ladann paske mwen men-m baby love mwen pa gen tan pou-m domi map travay pou mete maket ayisyen an piwo pou pap ayisyen -an .an-n bouche zorey nou femen ge nou nou pap antre nan konplo sa.pou kraze fos travay yon moun ki bay tout kouraj li pou sinema ayisyen-an ka rive la jodi-a .se mesye jean gardy bien aime .an nou achte original fim ayisyen pou nou ka sipote sinema ayisyen -an .once again my name is baby love from hstvp producer -a pep la.

Related Article:

Haitian Green Card Movie Premieres This weekend

Jean Gardy Bien Aime 's movie The Green Card is finally coming out on July 22nd The grand premiere is at 7:00 PM at the North Miami Beach Julius...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

You people are unbelievable! first of all, I do not...

Return to Message List