Papa pye, koman w ye? se avek anpil tristes kote jodia map...

Haitian Goddess - November 22 2007, 3:18 PM

Papa pye, koman w ye?

se avek anpil tristes kote jodia map pale ave w. Sa te toujou fe m mal le mwen gade jan ayisyen ki nan biznis maltrete w pandan ke wap pote la jwa nan ke nou menm pep ayisyen.

mwen menm mwen ekri fim men mwen pako we ki sineas ayisyen mwen ta pale avek yo. Mwen pe yo paske yo ba w senk kob e pi yo bat do w. Mwen pap finn pase jou e nwit ap ekri e pi pou mwen bay malonet pran piyay sou mwen. Se sak fe mwen se mamb "WRITERS GUILD OF AMERICA" moun ou we kap fe grev kont enjistis sa yo. Mwen rete boston, mwen konn sa wap pale ya. moun sa yo mwen pap janm aproche yo; yo we m e yo pa konn kiles mwen ye tou. Mwen toujou sipote fim ayisyen yo san pou san, mwen achte yo e mwen ale nan grand premiere le yap fe yo. Pa janm asepte fe anyen san ou pa mete l sou papye.

Moun sa yo pe siyen non yo sou papye, sonje se yon dosye li ye pou demen le ou paret la jistis.

Papa pye mwen konnen w se yon gwo akte ou ye ou gen vale yon milyon e se pa nan nenpot ki fim pou asepte jwe, ni nenpot karacte ke yo chwazi pou ou. Toujou konsilte si ou renmen l di wi si ou pa renmen l di yo non. Se sat fe mwen renmen Mr. Smoye Noisy anpil e se pi gwo akte ayisyen (#1) li ye kou we Denzel Washington.

Le yon pep deye w lap swiv ou e sonje lap jige w tou. Pep ayisyen renmen w Papa Pye.

REPLY to this message

Return to Message List