Kile SONSON #2 ap soti?

Zwing Productions - June 16 2011, 10:02 AM

Mwen ta renmen pou pwodiksyon ki fe fim SONSON-AN ta fe yon #2.
Se'on fim ki tipikman Ayisyen, li konble tout kwen nan lesprim ak reyalite peyi-a; se sa ki rele fim Ayisyen.

Mwen rete kwe si gen yon SONSON #2, l'ap rekonveti plis moun toujou menm jan ak: MECHAN DOU, BIRTH OF AN ASSASIN, BOB IS BACK, LALA ak 2-2 lot bel fim ki sou teren-an. Nou bezwen yon SONSON #2, yon Alelouya #2 ak Vanjans #2 etc...

pou kore-nou.
Nan denye moman sa-a, noumenm pwodikte ki sou teren-an, nou pase kwa sou vwazen ki t'ap pwoblem-nan, nou rekonveti anpil fanatik ak lot sa ki tou nef pou retounen nan SINEMA LAKAY, nou pa tande pale d move ze yo anko ditou; yo envizib.

Fok nou pa pen'yen lage paske byen pre pa lakay.

REPLY to this message

Return to Message List