Eclairage sou lanmo Ginou Mondesir pou Emmanuel

Carline Bel - June 4 2008, 5:13 PM

Mwen pa konnen kisa nou menm ayisyen gen nan tet nou, nou pa kon'n sa nou vle. Moun k'ap ekri vye bagay sou sit la tankou joure moun oubyen di betiz, mesaj yo rete, sa vle di yo apresye yo, pandan setan moun k'ap ekri bagay pozitif yo efase yo.

Mwen vle referem a yon zanmi Ginou Mondesir ki rele Emmanuel ki genlè pa kon'n sa ki te pase ki tap tan'n repons Ginou sou belfim (ref. mesaj 31 mai 2008), epi sa telman fè-m mal mwen repon'n li poum eklèsi'l kwake mwen pa di Ginou mouri(se ta devwa belfim pou enfôme), ebyen tou swit apre mwen fi-n ekri'l mesaj sa-a te efase.

Poukisa?

Paske li pat gen mo ki pou atire piblik la?

Paske mwen pat pale moun mal?

Paske pètet yo twouve mwen te fè piblisite paske mwen te mande Emmanuel pou'l achte "Le miracle de la foi" ak "Pluie d'espoir" pou pitit Ginou ka benefisye?

Al reflechi sou sa, mwen pa yon enkoni pou belfim, mwen pa fè sa ki sal non plis. Mesye fè bagay yo klè tande, se edike nou di n'ap edike e enfome, pa chifonnen sensiblite yon moun.

Mwen espere nan yon lot tan nou pap fè sa anko

Carline bel

REPLY to this message

Return to Message List