Mwen twè apwezie èv nou anpil. men eske nou renmen...

Jean Catulle - May 27 2011, 12:16 PM

mwen twè apwezie èv nou anpil.

men eske nou renmen Ayiti.

tande sa

AYITI 1803 06

Ayiti 1803 zansèt yo te pran bayonèt
Revolte kont blan yo, yo pran batay
Pou yon libète e fini ak esklavaj
Ayiti 1985 pèp la desann yo pran lari
Yal vote revolisyon pou yo te non
Ak diktati, non ak kavèn Titanyen
Pou n te fini ak enjistis kraze zo
Yo bann randevou nan eleksyon
Pou al siyen akt revolisyon
Se te yon grenad san ki te eksploze
Nan rièl Vayan ki te ekspoze n
Yo miltipliye latroublay detwi frè nn yo
Lespri n ak zantray nou tap rache
Ak babòkèt ki te redouble kou yon kòd
Ki pran 57 ne pou n pa pale
Lapèrèz tap konprese tèlman
Yo te gonfle nan tiwa, pèp la tap prije
Anba tren lanmò ak fènwa ki tap kraze n
Men etidian yo pat janm bay legen
Yo pat kab pran chemen revolisyon
Men yo te mobilize pou te kraze
Tren lanmò ki tap simen dèy ak enjistis.

Yo di fò n chache yon patriòt
Pou n met yon fren ak tren lanmò
Elimine tout vie diskriminasyon
Yo lagè n nan konfizyon vie bout mamit
Yo fè tren lanmò a galope pi rèd
Yo pile nanm pèp la nan pilon
Kou yon barik fènwa yo fè n avèg
Ak lapè nan tèt lapè nan vant
Se te yon toubiyon memoi ak lapèrèz
Nan yon lonbraj fènwa ki fè nou pè
Nan langaj lakay lapè kolore de koulè
Blan e rouj wa devine l sal bay
lapè lòm bezwen se Bondye ki bay li
Jiskilè n na gen yon bon patriyòt
Yon patriyòt ki va soue pou peyi n
Lè sa jistis va balanse nan bon respè
Nou va konbat tout krim kont limanite
Ya sispann pale n mal nan listwa
Inite, libète, fratènite pou ayiti

Related Article:

PHOTOS: Jimmy Jean-Louis And Gessica Geneus in Movie Toussaint Louverture

We have just received some new photo of Haitian actors Jimmy Jean-Louis and Gessica Geneus on the set of the new movie Toussaint Louverture... Take...

REPLY to this message

Return to Message List