Mon fre guy lemon bravo pou paske ou di bagay la janl ye a...

Thomas Stcloud - August 18 2010, 9:33 PM

mon fre guy lemon bravo pou paske ou di bagay la janl ye a paske majorite moun ki itilize lang franse an anayiti palel pou yo blofe moun ki paka palel e tandiske le yo vin ap viv nan yon lot peyi yo oblije aprann lang peyi a pou yo viv, sitou sa yo rele la boujwazi an nayiti ki pa itil peyia anyen depi dig tantan, nan ofis piblik yo pale franse pou montre moun yo konn yon bagay epoutan papip polopoto yo pi sot pase ti malere kap pouse yon bouret nan lari paske yo pa gen sans ak le savwa, se sak fe yo konprann pale franse se yon metye pou blofe moun je pete, si nap gade desizyon moun sayo ap pran menm andedan lakay yo se bagay moun ki pat janm al lekol pap pran, paske nou ka konprann pa pale franse men li pa yon ayisyen ki sot li gen anpil entelijans, pou moun kap di clef pa politisyen yo sispann di betiz paske clef gen lide saa byen lontan poul vin kandida, li tann le moman an pi profitab poul fe sa malgre sa nou we kouman neg ki di yo konn pale franse yo aji ak tet cho paskel kandida kote pale franse saa ap mennen peyia plis nou palel plis nap vin pi mal paske se kolon yo ki te konn pale franse sa vle di nou toujou vle adopte doktin kolon yo ke nou asepte pitit peyia pale lang manmanl ak papal nou prefere kritikel fel pase pou moun sot pandan ke clef ka fe anpil moun serye ki gen lajan vin envesti nan peyia, yon ekzanp nou pa ka dim micky ka fe plis moun serye vin nan peyia ke clef ki moun micky konnen ki serye, ayisyen ann louvrijen reflechi ak koze de grenn goch sa yo, pale frase fe peyia soufri anpil mezanmi, eske se nan pale franse nou pral fe desantralizasyon, wout,bati lekol, grikilti,ak bon jan biznis ki pou fe pep la antre nan travay poul jwenn yo ale mye apre 200zan depi nou rele tet nou endepandan.

Response to:

I agree, that the old timers have had their chances...

Related Article:

Haitian Filmmaker Francois Turnier Wants To Be President Of Haiti

Wyclef Jean is not the only Haitian celebrity who wants to be President of Haiti. Haitian Filmmaker Francois Turnier is also running for President...

REPLY to this message

Return to Message List