Gen Maket?

Estimable W - May 14 2008, 3:20 PM

Mwen tande anpil pale sou belfim, Maket, maket, maket.

Gen yon Maket?

Le mwen pran 397 000$ mete depi Decembre 1999 à mai 2008 min m sant lajan sa yo mwen pa wè, Gen yon maket?

Lè Gason Makoklen ap van n nan tout lari, mwen pa gen on goud ladan n Gen yon Maket?

Jodia mwen ront poum di-m se Ayisyen.

Mwen nan mitan anpil blanc, yo dim ayisyen pap jan m anyen, mwen te vle montre yo ke Asisyen ka fè tou, jodia lèm nan reunion avè yo yap rim, ki sa mwen pa fe pou sinema ayisyen?

Mwen fe biznis ak nèg nan florida yo manjé tout kob mwen yo, new york yo manje, Boston yo manje, Montréal yo manje, ayiti yo manje.

Gen yon maket?

Mwen te bay tet mwen 10 an nan maket ayisyen an, mwen gen 8 konyè a min m pap tan n 10 la. fin 2008, mwen pap fè fim pou ayisyen anko. Mwen konin gen yon group moun ki fidèl nan cinema ayisyen an, min yo pa asé pou kinbé maket la jan yo dil la.

See the related photo:

Wilfort Estimable

Here is a picture of Haitian actor, producer, and director Wilfort Estimable. Wilfort Estimable is well known in...

REPLY to this message

Return to Message List