Podiab Papa Pye, Miami li di m gen kek fwa si se pa bon zanmi li te genyen menm manje li patap kapab manje

Derby Guerrier - October 18 2017, 2:02 PM

Hmmm kotew we Ayisyen ye laa se mouri yap tann ou mouri pou yo voyew monte.

Podiab m te rankontre Papa Pye Miami l ap di m gen kek fwa si se pa bon zanmi li te genyen menm manje li patap kapab manje paske malgre tout efo lap fe pou voye cinema Haitien an monte gen yon paket pwomote ki pran plezi yo pou yap kopye CD film li yo anba anba.

Epui li te tou pwofite ap palem de move moman Gracier tap andure nan biznis la tou hmmm...

Ak anpil dlo nan zieul li tap rakonte m kek bagay jenn atis Ayisyen pwofite fel pandan ke pifo ladan yo le pou yo te demare se te toujou lakay li yo tap mache monte desann

Sak pi red la Papa Pye dim li te gen entansyon retounen Ayiti nan ane 2012 li voye yon contener ki chaje ak atik dekorasyon pou festival aparey mizik poul te kapab ouvri yon restoran ak anpil lot ti bagay poul te kapab gen yon ti vi nomal oooo hmmm yo leve Contener ya sou waf St Marc san Leta pa janm ka konnen ki moun ki fe zak saa

Related Article:

FLASH: Haiti - PAPA Pye is Dead!

We have just been informed that longtime Haitian actor and comedian Jean-Claude Joseph (Papa Pyè) has just died. News broke of the death of...

REPLY to this message

Return to Message List