Lèt louvri - Raynald Delerme bay Direktris jeneral BHDA Mme Emmelie PROPHETE-MILCE

Nan yon lèt tou louvri, sineast ayisyen Raynald Delerme mande Direktris jeneral BHDA (Bureau Haitien du Droit d'Auteur) pou retire non li nan lis atis ki inskri nan BHDA paske TNH (Tele National d'Haiti) ak Ministè Kilti eksplwate zèv yo an bandi legal.

Raynald Delerme Buys Bootleg Copy of Dyab Daba 2
Raynald Delerme Buys Bootleg Copy of Dyab Daba 2

Men copy let la Belfim resevwa nan dat 25 mas 2013:

Lèt tou louvri a :
Mme Emmelie PROPHETE-MILCE
Direktris jeneral BHDA
Potoprens Ayiti

Madam Direktris la,

Lè mwen konsidere ke depi ou pran direksyon BHDA, dosye plent ke mwen menm, Jn-Gardy Bien-Aimé, Jn-Claude Bourjolly plis anpil lot atis Ayisyen kont TNH ak Ministè Kilti pa janm jwenn okenn suivi, poutan dosye sa yo te rive sou biwo Minis Kilti an ak Direktè TNH la.

lè mwen konsidere ke jouk kounye a prosevèbal ak rezolisyon premye forom nasyonal sou propriyete intelektyèl ak dwa dotè an Ayiti, sa ki te fèt le 13 ak 14 Desanm 2012 nan otèl Oasis, pa janm pibliye, poutan gouvenman an ap oganize lòt atelye sou menm sijè sa,

lè mwen konsidere ke tout machann kopi CD ak DVD pirat repran beton an san kè sote pase yo rann yo kont ke dirijan leta yo ap volè zèv atis Ayisyen menm jan avèk yo,

lè mwen konsidere ke Prezidan peyi an, Premye Minis lan ak Prezidan komisyon kilti nan chanm bas la, se demagoji nan fè nan fè forom ak atelye sou dwa dotè ak gwo diskou, alos ke pa gen vrè volonte pou fè respekte propriyete intelektyèl an Ayiti, ni pou yo goumen kont moun ak institisyon kap fè sa,

lè mwen konsidere ke si dirijan peyi an te vle vrèman frenen zafè volè zèv atis Ayisyen an Ayiti, yo tap komanse pa trase bon ekzanp lan yo menm pa dedomaje atis ke TNH ak Ministè Kilti eksplwate zèv yo an bandi legal, san otorizasyon, san yo pa peye dwa, pandan yap konitinye frape lestomak yo byen fò kòm chèf yo ye, anyen paka rive yo,

lè mwen konsidere ke mwen pèdi plis pase 100 mil dola US akòz eksplwatasyon fim mwen ki rele Dyab Baba ke TNH pase san dwa e san respè pou propriyete intelektyèl mwen ak dwam kom otè,

Lèm konsidere ke inskripsyon mwen nan BHDA pa itil mwen ak pi fò atis Ayisyen anyen ditou,

Mwen vini mande ou piblikman jodia pou :

1. Retire non mwen nan lis atis ki inskri nan BHDA
2. Retire sou sit intènèt BHDA a komantè kote m te di BHDA banm satisfaksyon. Komantè sa pa valab anko.

Mme Emmelie PROPHETE-MILCE

Ou se Direktris BHDA pou 6 zan. Selon dekrè ki kreye BHDA, pa gen ni Premye Minis, ni Prezidan ki ka revoke ou nan dyob sa avan lè ou, amwens ke yo ta kenbe ou nan dwèt long. Kidonk, redevans ou se anvè atis Ayisyen li ye e non pa anvè Minist titèl ou oubyen dirijan peyi an. Premye Minis ka tonbe ninpot lè, Prezidan aktyèl la pwal fè wout li nan anviwon 2 zan edmi. Ou menm ou la pou 2018. Mwen ta renmen fyè ankò deske mwen se atis Ayisyen e retoune inskri m nan BHDA apre depa Prezidan Martelly an 2016. Sa pwal depann de ki kote ou menen bak BHDA.

Anpil gwo atis Ayisyen a deperi nan mizè pandan ke yo gen anpil kob ki chita nan sosyete jesyon kolektiv Afriken ak Eropeyen. Yo pa ka touche kob kreyasyon intelektyel yo pase Ayiti pa vle respekte angajman li pran nan konvansyon li siyen sou dwa dotè ak propriyete intelektyel. BHDA gen kom misyon, apa de yon instans ki pou resevwa zèv atis ak inskripsyon atis, pou li yon sosyete jesyon kolektif tou. Sa selman ka pèmèt anpil atis Ayisyen touche sa yo dwe yo o nivo intènasyonal pou zèv yo kap eksplwate. Mwen gen yon gwoup investisè ki te interese nan ede m monte yon izin konplè an Ayiti pou fabrikasyon CD ak DVD. Yo fèm konen si mwen menm, le BABA Nasyonal, map pran souflèt konsa nan men gouvenman ki la, kote garanti kob yo ye ? Tout sa, se bagay ki ka pèmèt atis Ayisyen viv de travay yo.

Alos, pou m fini, Mme la Direktris, souple, retire non mwen nan lis atis ki inskri nan BHDA, retire komante mwen te fè yo sou sit intènèt BHDA, e travay di pou mete zafe respè propriyete intelektyel ak dwa dotè an Ayiti sou yon lot ray poum ka reinskri tèt mwen nan BHDA ak reinvite investisè m yo tounen an Ayiti apre depa Prezidan Joseph Michel Martelli.

Mwen salye ou byen ba.

Raynald Delerme

Write a comment

Return to Articles List

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Let louvri - Raynald Delerme bay Direktris jeneral BHDA Mme Emmelie PROPHETE-MILCE edit

» »