RE: Fanm Se Rat

Malice - August 27 2009, 4:12 PM

M panse, fim "Fanm se rat" la tro dekolte.

Gen seri de pati nan fim sa, menm si yo pat la, fim nan tap toujou anfom.

Tankou pati eleman ap mande rat la bali we barik siwo wa, ou byen pati kote misye ap goumen ak youn nan menaj rat la, apre li fin mande fe kout pa li tou nan jwet la. Pou mwen se ti komik sa yo ye. Li le pou ayisyen konsevwa fim kom yon "art" e non pa kom selman on distraksyon selman.

Tank fim nou yo pa gen "standard" entenasyonal, yo pap pran yo oserye.

Fim ayisyen ap toujou pou yon piblik ayisyen selman.

Epi gen yon lot problem.

Ki "rating" fim sa?

Eske se pono ou byen ki sa li ye menm. Si se pa pono, li riske dapre mwen, nui ak avni aktris Mideleine Lubin, paske gen dwa se rol sa yo selman li jwenn a lavni nan lot fim yo.

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Malice says...

Sorry!!!! fim map pale a se "Men rat la" olye de "Fanm se rat". M wen fek rann mwen kont... more »