Trè bon travay, mwen panse ke; si ta gen 10 fim Ayisyen...

Jean Robert Revolus - April 14 2009, 8:11 PM

Trè bon travay, mwen panse ke; si ta gen 10 fim Ayisyen avèk anpil valè moral tankou « La Valeur de la vie » ; Fim Ayisyen yo tap jwen anpil konfians nan milye moun kap gade yo a travè le mond (Men'm jan avèk fim Afriken yo).

Gen anpil moun ki toujou di, yo pap fè fim Ayisyen van'n paske yo pa kapab kite ti moun la kay yo wè tout sa kap pase nan fim yo (degradasyon moral kap degaje nan yo, swa nan sa yap tande ou nan sa yap gade).

Moun sa-a ki ekri fim « La valeur de la vie » ya, moutre vrèman ke Ayisyen kapab panse byen, si yo gen volonte pou prezante travay ki gen anpil valè, men'm jan ak anpil lòt Ayisyen kap ekri fim te gen tan fè.

An nou pa kite move bagay lèzòt yo ap fè pran pye sou nou men'm sa te kon'n fèt, mwen rete kwè ke Ayisyen gen anpil valè e nou kapab fè ak prezante bagay ki gen anpil Valè pou lòt nasyon kopye sou nou (O'lye nou kopye sak pa bon la kay yo).

Pou'm fini, map di mèsi ak tout ekip « La valeur de la vie » yo, ki te fè sòti bèl fim sa-a ki chita sou valè moral ak bon jijman ke anpil Ayisyen genyen lè nap reflechi byen. Ke Bon Dje beni nou.

Watch the related video:

La Valeur De La Vie Movie Trailer

Watch the La Valeur De La Vie video, La valeur de la vie c est un film a charactere moral et spirituel qui vous aidera...

REPLY to this message

Return to Message List