LA FILLE ADOPTIVE avek Atis La

Mireille Dieujuste - July 5 2008, 11:15 AM

MARTINE MWEN JWENN AVEK OU SOU PWEN SA, MOVIE SA YO ANONSE LONTAN VREMAN E PRODUCER YO PONKO JANM DI ANYEN, AN RETE TAN'N TOUJOU PETET KE Y'AP TRAVAY.

BON, MWEN VLE PALE DE YON PAKET MOVIE KI SOTI NAN MWA D'AVRIL POU RIVE MWA DE JUIN, MWEN PAP DI KE YO PA BON, MEN MEZANMI YOUN NAN YO PA KANPE SOU ANYEN.MWEN PAP SITE NOU DEJA KONNEN YO.

M'AP MANDE POU GWOUP MOUN SA YO BAY LOT K'AP VINI YO YON CHANS, CHAK 2 SEMEN YON SEL MOUN METE MENM 5 A 6 MOVIE DEYO EPI YOUN PA VO LOT.

NOU MENM MENM HAITIEN, NOU METE TET NOU NAN YON KONPETISYON, MEN SI NOU VLE INDISTRI PA NOU AN AVANSE FOK NOU BAT POU NOU VINI AK BON TRAVAY, POU PROGRE YA KAPAB FET.
SI NOU PA KA EKRI ANKO, NOU PA GEN ISTWA ANKO SE POU NOU RELE, MANDE POU YON SERI DE MOUN KAP EKRI PETET, YO PA GEN CHANS POU YO FE MOVIE, LE KONSA, NOU KAPAB PEYE MOUN NAN POU SA.

PASKE MAP DI NOU, GENYEN ANPIL ISTWA KI PONKO DEYO, KI PONKO JANM PARET SOU SCENE.

FE TET NOU TRAVAY, TWOP ISTWA SANBLE AK LOT PASKE SE NAN YON SEL SUJET KE NOU RETE.

RELE EKIVEN YO, FE YON GROUP PA WE LAJAN, PASKE LAJAN-AN DEJA LA LI PAP KOURI.

BON KISA MAP DI LA HAITIEN PA GEN TET ANSANM, TOUT AP GOUMEN POU PAM PI BON.

WI SE VRE.NOU BEZWEN YON ASOSYASYON KI POU KONTROLE MOVIE KI POU SOTI YO,
FOK GEN GRO ANALIZ KI POU FET AVAN YON MOVIE SOTI SOU MACHE YA.

RENALD DELERME, JEAN GARDY BIEN-AIME, PAPA PIE AK KEK JOUNALIS NAN TELEVISION YO, SE POU MOUN SA YO PAT JWE ANKO, POU YO TAP JERE YON ASOSYASYON KILTIREL DE CINEMA HAITIEN-AN.

LE SA TOUT KONPETISYON TAP KABA, E KOMITE SA TAP TOUCHE LAJAN NOMALMAN.

MEN SE DOMAJ, SA PAP KA FET PASKE PRODUCER YO PRAL DI KE KOMITE SA VINI ENPECHE YO PLEN POCH YO.

AMEN

Subject:

LA FILLE ADOPTIVE avek Atis La

Gen de fwa, ou kon'n di ke wap ranje yon bagay, epi se gate ou gate'l. Twop movies gentan soti, epi movies sa yo, menm...

REPLY to this message

Direct replies to this message:

Mwen pap pale nan afe moun paske mwen te manke pwan...

Return to Message List