kreyòl pale kreyòl konprann

Le Jardin - February 29 2008, 10:17 PM

Malerezman mwen pat jan'm gen chans apran'n kreyòl, Sa pa anpeche'm ni pale ni ekri ni konpran'n kreyòl paske mwen se ayisyen mwen renmen kreyòl e lè Kreyòl pale Kreyòl Konpran'n.
Yo pran plezi pou di ke Kreyòl se yon konpoze de vye mo fransè ke nou pa rive byen pwononse.

90% ayisyen pale kreyòl Sèlman, Sa pa anpeche yo mete fransè kòm lang nasyonal peyi Dayiti.

Sa vle di Kreyòl paka pale nan palman, kreyòl paka pale ni nan palè ni nan biwo; Lè'w pale kreyòl nan lekòl yo ba'w jeton; Anndan legliz se pi rèd tan pou yo pale kreyòl yo pito pale laten.

Nou se yon pèp ki nayiv anpil.

Nou bat bravo pou politisyen ki pale bèl fransè san nou pa konpran'n sa yo di; Nou krye amen pou Pè ak Pastè ki pale laten san nou pa konpran'n yon mo nan sa yo di; Nou men'm di ayibobo pou gangan kap pale jagon anba peristil san nou pa konen sa yap di; tandiske lè Kreyòl pale Kreyòl konpran'n.
Pouki sa nou pa vle pale kreyòl?

Pouki sa nou jete Kreyòl pou lòt lang ke nou pa konpran'n e ke nou pap jan'm konpran'n?

Ki sa nou fè ak kreyòl la?

Ki kote nou ka pale Kreyòl?

Men'm si mwen paka repon'n tout kesyon sa yo, yon sel bagay; mwen gen repons pou you'n nan kesyon yo. Ki kote nou ka pale kreyòl?

Se sèlman nan jaden an (Le jardin) ke nou ka pale Kreyòl. Poutèt sa, nou envite'w pran tichèz ba'w, pwoche bò lantouray la, nan lombray la paske Kreyòl pral pale é Kreyòl pral konpran'n.
Ou men'm zanmi'm kap viv lòdbò dlo ou bezwen konnen sak te rive Mouche Depeste devan manzè Adelayid.

Depeste sete yon ansyen mizisyen ki te jwe nan okès jeneral Oksid Janty;
Lè nou fin'n pase 2 jou lòdbò dlo, nou tounen blan meriken, blan fransè, blan canadyen.

Ebyen nou paka pale kreyòl, nou blye kilti lakay, nou blye kòve, nou blye reveyon; nou blye tomtom kalalou, nou blye tiaka, nou blye kasav ak zaboka ak ji sitwon, ji kowosòl peze nan paswa, nou blye pran sèso nan kamyonèt, nou blye pil sou pil nan gwo bis ki pral nan pwovens, nou blye mabi pou vant fèmal, nou blye konprès lalwa ak rakèt pou tèt fè mal.
Tande sa'a: Aprè kèk lane an Frans, Mouche Depeste debake nan peyi Dayiti ak yon franse zuzu anba bouch li; Depeste deside pou'l fè yon sware mizikal nan memwa Jal Oksid ki te mouri lontan.

Depeste te rankontre ak zo gran'n li, paske yo pat konpran'n lang depeste tap pale ya, manzè Adelayid fè konnen ke Depeste se yon lougawou e yo te kalonnen Depeste ak kout ròch.
Si pa malè zanmi'm ou ta tonbe devan manzè Adelayid tankou mouche Depeste; wap kon'n Jòj ak tout Siyati Jòj. Pou manzè Adelayid se tèl lèt, tèl la repons, paske :"Kreyòl pale Kreyòl Konpran'n"
Batho Le jardin magazine

REPLY to this message

Return to Message List

Comments

Cecoya says...

bon zenzen, ala traka, kontinye` konsa more »

Maggy says...

moncher ou byen pale se moune save tankouw kominote ya bezwen. pa gen bagay mwen te ka... more »

Le Jardin says...

Maggy se moun tankouw kominote ya bezwen; moun ki konpran'n et ki apresie efo Maggy... more »

Francisco says...

bonjou. mwen rele francisco. mwen se bresilien e deja travay Ayiti. M kapab pale ti cras... more »