JUliette m'ap swete w kondoleyans pran kouraj lavi a se konsa...

Rampifi - October 10 2007, 12:15 PM

JUliette m'ap swete w kondoleyans pran kouraj lavi a se konsa l ye
problèm ki rive se ke ou te panse pou te rann papa w la parèy paske li te fè anpil bagay pou pitit li li pat konn kite pitit li al niche chodyè kay moun li pat konn kite madanm li al mande vwazinaj prete ti men sèl donk ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm m kwè ke sa papaw te bzwen nan men tout piti li se fyète eli fyè kote l ye ya paske nou pa fè l wont ou menm espsyalman ou reyalize rèv li. jodia ou se yon aktris pou moun ki pat konnen premie aktè se te papa w. drivayè a ki ap pale de moun san l pa bezwen konnen an li menm se chans li genyen nan drivayè li jwenn viza li vin isit men papaw te travay di ak manmanw pou moun ki pa konnen se yon hero ki mouri la a se yon gran gason li te ye li te konn jwe tout kalite enstriman se nèg ki te konn enjoy moun. depi li te jenn gason se piyanis legiz kel te ye e si sanzave a ta bezwen konn plis se pou l vin nan antèman an pou l ka tande biografi milord ke m kwè ke pyès moun nan fanmil pap janm gen chans genyen.

se pa sosyete ki te bay juliette premie fòmasion li te gen yon baz depi nan fanmil' e juliette pa yon dam ki kite peyi etazini enfliyansel tankou anpil moun fè, lè yo gen yon paran ki malad yo bliye l nan nursing room. kote juliette ye la a lapral viv san regrè paske papa l te trè atansyone pa li menm.

juliette mwen renmen w plis kounye a paske ou pa aji tankou aladen lè wap mache nan lari wap trè fiè paske w pa kite ke w a tè pou chen pile bon travay si se te pou ou menm papaw pa tap mouri men kòm BonDie vle pranl se li ki mèt li pran afèl nou pa ka di anyen pou sa sèlman dil mèsi pou bon tan li te fèn genyen ak li
bon kouraj!

Related Article:

Juliette Milord's Father Dies

Belfim has just received a message that Juliette Milord's father passed away this morning at the North Shore Hospital in Miami. Juliete Milord plays...

REPLY to this message

Return to Message List